Enpòtan! Tanpri revize ak anpil atansyon Kisa pou mwen pote pou randevou mwen an nan IRC epi sonje pou’w vini ak tout dokiman ki nesesè yo pou evite ou retounen pou yon lòt randevou.
Ki moun ki ta dwe vini nan randevou admisyon an?
Si w’ap aplike kòm yon adilt selibatè, pote dokiman ak idantifikasyon pou tèt ou.
Si ou menm ak yon patnè domestik (sa vle di, mennaj, konpayon e elatriye) oswa mari , madanm ap aplike kòm yon koup epi ou pa gen timoun ki gen mwens ke 18 an k’ap viv avèk ou, ou dwe tou de prezan nan randevou ou pwograme a epi pote dokiman ak idantifikasyon pou nou de a.
Si w’ap aplike kòm yon fanmi ki gen adilt (yo) ak timoun minè (ki gen mwens ke 18 an ) k’ap viv ansanm nan menm kay , pote dokiman ak idantifikasyon pou tout manm fanmi an. Timoun yo pa bezwen prezan nan randevou a pou yo ka verifye si yo kalifye.
Randevou yo se pou aplikan ki pwograme yo sèlman. Lòt manm fanmi oswa zanmi ki ka vini ak ou nou pap ka wè yo an menm tan. Yo pral bezwen pwograme randevou pa yo apa.
E si mwen ap an reta pou yon randevou oswa mwen bezwen anile oswa repwograme yon lòt randevou?
Si ou ap an reta pou yon randevou , oswa anile , oswa repwograme yon lòt randevou , tanpri voye mesaj sou 908 -868-1193 sou WhatsApp oswa tèks SMS pou enfòme nou.
Si’w gen plis ke 15 minit an reta , pa gen okenn garanti ke yo ap ka wè ou , e nou ka repwograme yon lòt randevou pou ou.
Si’w pa vini nan randevou ou te genyen an oswa ou pa janm kontakte nou , ou ka oblije tann plizyè semèn ankò avan ou jwenn yon lòt randevou.
Apre ou fini nan randevou admisyon an, yo ap enfòme ou si ou kalifye pou sèvis ak pwogram nan IRC.Avèk konsantman ou , yo ap refere’w nan tout pwogram ke ou ap bezwen.
POU JWENN PLIS ENFÒMASYON SOU TOUT SÈVIS IRC NEW JERSEY, VIZITE PAJ "SÈVIS IRC" NOU AN.
POU JWENN ENFÒMASYON SOU LÒT ASISTANS GOUVÈNMAN AK RESOUS KOMINOTÈ,
VIZITE PAJ DAKEY NOU AN.