REMAK: Nou rekòmande pou pote dokiman orijinal oswa kopi papye avèk ou tout tan. Asire w ou genyen kopi an kantite ki sere nan yon kote ki an sekirite lakay ou
Toujou pote dokiman ki bay prèv estati imigrasyon ou nan peyi Etazini, tankou:
1.I-551 prèv rezidans pèmanan legal (Kat vèt)
I-94 prèv ou te antre legal oswa paspò ak so oswa lòt dokiman vwayaj ki gen viza ak so sou li pou antre.
Kat Otorizasyon Travay (pèmi travay)
I-797 Avi Apwobasyon pou estati imigrasyon ou
Lisans eta a ba ou pou kondwi—sèlman si eta w la egzije estati imigrasyon aktyèl la pou jwenn yon lisans chofè.
Pote kopi resi USCIS (I-797) avèk ou toutan.
REMAK: si w gen yon aplikasyon pou estati annatant, ka pa ka pwoteje w kont detansyon oswa ranvwa.
Pote yon kopi Avi Jijmanw ou a, nenpòt resi ou ka genyen pou aplikasyon ou te ranpli, oswa avi libète pwovizwa (si sa aplikab).
PA pote kopi idantifikasyon nasyonal ou oswa paspò nasyonal ou paske yo ka itilize yo kont ou nan tribinal imigrasyon.
REMAK: Ou pa ta dwe pote okenn fo dokiman oswa dokiman ki apatni a yon lòt moun.
Pote prèv prezans fizik ou Ozetazini pou plis pase 2 ane pou pwoteje tèt ou kont ranvwa rapid.
REMAK: sa a pa konplètman pwoteje w kont detansyon oswa depòtasyon men li ka pwoteje w kont ranvwa rapid.
Sa a ka gen ladan kopi sa ki annapre yo:
Prèv ou ranpli taks pou twa dènye ane yo (sèlman si yo itilize ITIN oswa # Sekirite Sosyal ki valab)
Dokiman lokasyon
Bòdwo sèvis piblik
Dosye lekòl ou oswa pitit ou yo
Nenpòt lòt dokiman ou ka genyen ki pwouve ou te Ozetazini pou plis pase 2 zan